Tuesday, January 5, 2016

Mwen bezwen on fanm ...

M'bezwen yon fanm
Ki pou chaje bateri kè'm lè'l a zewo
Yon fanm ki pa'p vini pou'l ban'm zoklo
Oubyen pou'l fè patnè'm rele'm mawozo

M'bezwen yon fanm
Ki pa twò gwo et tou fò'k li pa two zo
Yon fanm ki endispansab nan vi'm tankou'l te H2O

Mbezwen yon fanm
Pou'l avè'm pou'l fè tout ti blodè egri
Paske petèt se li yo te vle tou
Yon fanm k'ap love'm k'ap ban'm manje ki pa'p kite'm megri
E ki ka pran swen'm tou

Mesye o fanm kounye a lage'm lan ekri
Epa'm te kon reve tou !
                           Anney Jhonnayson

**Reponse à Yautha , Mbezwen on Nèg**

No comments:

Post a Comment