Monday, July 21, 2014

Zanmitay

Pi mal ke lonbraj mwen
Li toujou la
Menm lè pa gen limyè
Li toujou la
Li toujou konprann mwen
Dèfwa li konprann mwen twòp
Nou te fèt pou n’ ansanm
Nou tèlman bon zanmi
C kòmsi nan venn li gen san'm
Se vre dèfwa li konn fè yon ti lache
Men'l pa janm lage'm
Lè'm nan cho
Li kanpe rèd
E pa tann gad li bese
Tank chalè a pa desann
Li se yon gwo timid
Se sak fè pifo moun ki wè'l
Wè'l ak chapo
Lè'm raz li banm distraksyon
Li toujou la
de tout fason
Li se pi bon zanmi'm
Big patnè'm
Boul Grenn mwen

                               Theory 

No comments:

Post a Comment