Friday, July 18, 2014

Ou La Men Ou Pa La ...

Ou twò lwen'm pou'w prèm konsa
E ou twò prè'm pouw lwen'm konsa
Twòp manti nan verite sa a
Yo dim fou men se pa vre
Se tèt mwen ki pati
Mache chèche pa domi san soupe
E si se pa manje mtap chèche
Ou di'm tann
Voye je'w gade w'ap wè m'gentan finn seche
Pouki lè'm ap gad solèy la kap leve
Ou ap gade'l kap kouche
Se vre se te yon solisyon
Men'l koze twòp pwoblèm
Kè'm an mank
E m'pap jwenn dwòg sa a tou pre
M'pa nan manti
Sa pa anpeche'm manje
Men a chak fwa m'ap manje m'preske toufe
M'pa konn kot sekrè a ye
Men gòj mwen toujou sere
Nou ka ri si'm di m'son mò kap viv

Men mwen… mtrè serye
   
                           Theory

1 comment: