Saturday, June 28, 2014

Anpil Souvni …

Mwen pa konn si sa konn rive'w
Pou chita poze poze, epi lan panse'w
Souvni dantan'w ap flannen,
Epi yo ba'w on ti dan griyen …
Monchè M'pa kache di nou sa
M'pa kwè gen on jwèt ke mpa esseye...
Si'w Leve pòtoprens Ayiti,
Se sur ou jwe nenpot dis lan jwèt sa yo.
Se vre m'tifi men m'te jwi ...
Rele rat, rat ! mte grennen !
Mwen leve bonè, Mwen domi ta...
Mwen jwe football lan lari...
Mwen teke mab lan koulwa
Si pa gen lakrè trase'l a chabon ...
Mwen voye woch dèyè fwi ,
Mwen monte pye bwa ...
Mwen pwan woulib desann lan bouda kanntè,
Fe kous kouri pou tounen monte ...
Mwen degringole mònn sou bekan
Degidon, chaine soti, A A oye ...
Mwen bote dlo lan fontenn,
O fèt Swadizan, ou fè senk èdtan lòt bò a
Senk minit ap plen, dis pou tounen lakay a'w
Woule tèt bokit ak fè seso
Fè rara ak bouda bokit la
San konte gè fistibal pandan vakans
Zam plomb, zam peta epok desanm
Monte mi pou ale ka vwazinay
Na dim sa pa jwèt tifi men
Mte fè sa yo tou wi
M'Jwe Marèl pou mariaj,
M'jwe woslè pou tap ,
San konte poupe epi sote kòd tou
Te vin gen nintendo playstation
Sèl bagay m'pat arive monte kap la vre Seyeu
M'pat fouti ka konprann koman vodou bahay sa a pati
Afè lago kache a li menm, mpat supote sa...
Men se pa grav ! mpat nwi …
Mpa konn pou ou men mpa regret
Depi tou piti mleve Ayiti
Anpil Souvni …
Tiye'm rache'm se la pou'm mouri …



No comments:

Post a Comment