Friday, January 3, 2014

Miraj

On son tanbou dèyè mònn yo 
Yon chant Petro
Ap kriye bay zansèt yo
Se leu sa ou parèt
Lalin klere k'on bèl twal
Ap kadanse ak kò ou
Tèr mare
Foula bò kou
Zanno kònn kreyòl
Mitwaye vizj ou
Jip long ou k'ap kacha peche
Men peche ki pa mande padon
Kòsaj ou, san defo fe jem plezi
Epi ou Kòmanse danse
Chak mouvman ouse on flanm
ki lumen lan nanm mwen
Tay ou tankou on mayi kap brase
Vizaj ou fe souf mwen ap monte
Pa gen pi fanm pase'w
Van tanbou prale pi fò
Tankou toupi wap vire
Lalin fe youn ak kò ou 
Epi ou disparèt
Tout moun ale
Ata syèl la fèmen
Kote yo fe
Pouki ou ale
Mwen, ti Fanfan Semante 
w'ap pa'm on jou kan menm
                                           Ladymyou

No comments:

Post a Comment