Sunday, January 26, 2014

De Ti Gouyad

Bouda Bokit fe tanbou
Bok woulo papye fe twompèt
Vesèl, Fouchèt kouto tounen batri
Bale a pwèl latanye tounen chacha
Nenpòt kisa ka sonnen la gete

Fè on ti bwi, Banm de bit
Map ba'w de ti gouyad
Men rara a, Men Jazz la, Men Bann lan
Fòk mwen al bwase lan kanaval lan

Solèy kouche Solèy desann
Bien abiye mal abiye
Nan kanaval mpwal taye
Vini Jenonm apiye la
Mgen de ti gouyad mta ba ou

Pa pase men'w sou mwen
Pa soufle lan zorèy mwen
Kole ren'w lan bouda'm
Enjòy de ti Gouyad

                        MissAhdynn


No comments:

Post a Comment