Tuesday, October 22, 2013

Ou se

On ti sous lespwa
Ap koule nan vènn mwen
Map admire'w
Ou pa wè'm
Mwen pa vle'w wè'm
Map gade'w nan ti kachèt mwen
Ala ou bèl
Wi ou bèl
Ou se flanm kè mwen
Ou se jadin bonè'm
Ou se pen ak zaboka mwen
Ou se banda ki kenbe ren mwen
Men ou pap janm konn sa
Mwen vle kenbe'l pou mwen
Map serel nan fon nan'm mwen
E lap toujou pou ou
Si on jou ou ta vinn reyalize ekzistans mwen
Konnen ke mwen se pa'w tout entye.
                                                Ladymyou

No comments:

Post a Comment