Sunday, October 20, 2013

An'n rekonsilye

Gwo van mele ak lapli
Aswè a m'santi'm poukont mwen
Prezans ou domine lesprim
Kò'w lwen lakay mwen
Nan yon vil m'pa menm konen
Map devine sa w'ap fè
Map imajine sa'w santi
Mwen envi tande vwa'w
Mwen envi ou nan bra'm
Mwen senti'm debousole san ou
Ki kote'w fè
Nan ki zòn ou ye
Mwen mache san pran souf
M'ap chèche'w nan domi'm
Tout rèv mwen se ou
Lè'm leve plas ou vid
Mwen gaga, mwen san nanm
Tèt mwen pati
Tout vi'm se manti
Tounen, tounen san ou m'pa anyen
Tounen, tounen mwen vle ke nou byen
                                                           Ladymyou & Digio

No comments:

Post a Comment