Monday, November 23, 2015

Mwen bezwen on nèg

Mwen bezwen on nèg
Ki pou fè'm komprann
Poukisa syèl lan ble
Chak fwa li gade'm lan je

Mwen bezwen on nèg
Ki pou fè'm santi'm
Tankou on flè dizè
K'ap fleri anba on lawouze

Mwen bezwen on nèg
Ki pou fè'm konnen
kibò solèy leve leu li pale avè'm
kibò solèy kouche leu li pwan san'l tande'm

Mwen bezwen on nèg
Ki pou fè'm santi
Poukisa fòk mwen respire
Chak fwa li pase men'l sou mwen

Mwen bezwen on nèg
Ki pou fè'm sispèk
Siwo myèl pa dous
Chak fwa li poze bouch li sou pa'm

Mwen bezwen on nèg ...
Woy sa k'ap pase'm la?
LOL … I'm dreaming !

                         YAUTHA

No comments:

Post a Comment