Friday, January 4, 2013

Rèv an mwen


Bouch ou bò kou’m
Ap bo li tan zan tan
Souf ou vinn pi fò
Wap fè’m sou

Men ou nan còsaj mwen
Wap karese pwent tete’m
Jem ret fèmen
Mwen vle pou souse’m

Lang ou ap roule ti bouton yo
Yo pa pran tan pou di’w bonjou
Kon ti bebe wap tete yo
Pa prese, nou gen tan toujou

Tèt mwen ap pati
Pouki wap fèm sa
Souple, pa ralenti
Pou ou mwen pare tout sa

Ou pran san’w pou fè’m dous
Ou pran san’w pou konn sa’m renmen
Pa lage’m ti doudou
Pa lage’m , pa lage’m

Sanzatann, loraj gronde
Grenn lapli ap bat fèy tol yo
On lot fwa anko,
Mwen te anba dra pou kont mwen.

No comments:

Post a Comment