Wednesday, March 30, 2016

M'pa't di'w sa ...


M'pat di'w sa
Twòp fyète koud djòl mwen
Mwen renmen'w
Men m'pap di'w sa

Ego'm k'ap pete fyèl mwen
Mwen damou'w
Men m'pap di'w sa

Wi! Mwen egare
Enbesil menm
Chak swa mwen domi reve w’
Men mwen kenbe rèv mwen pou mwen…
Lè'm wèw
Tempo kèm ogmante
Men mwen pito ret pouko'm sou pis la

Gen de echèk
M'pap ka aksepte
Se sa'k fè'm pa eseye

Kounya ou nan ponyèt yon lòt
Mwen m’toujou nan laponyèt

Mwen pa't pataje santiman m’
Se sak fè m'pa't gen okenn chans pataje viw

Twòp fyète koud djòl mwen
Mwen renmen'w
Men m'pat di'w sa

Ego'm kap pete fyèl mwen
Mwen damou'w
Men m'pat di'w sa

Wi! Mwen egare
Enbesil menm
Chak swa mwen domi reve w’
Men ko'm mwen te kenbe rèv mwen pou mwen
Se yon lòt k'ap viv li

                 THEORY