Sunday, October 25, 2015

How do I Heal ?!

It hurts,
But how do I heal?! 
I can't chew,
I can't swallow, 
I can't even ...

It hurts,
But why do I feel,
This weight?
This pain?
This burden ...

It hurts,
But what can I say?!
I'm dying … 
I'm lost ...
I'm crying ...

It hurts,
But that's my day … 
Sad...
Empty … 
Lonely ...

It hurts,
But when does it end?!
When I forgive … 
When I forget ?! 
When is it gone ?!

It hust, 
But I can't pretend ...
I can't stop loving you,
Or stop hating you
So how do I heal?
                   MissAhdynn

Wednesday, October 14, 2015

Ti Cheri kote'w ye la?


Ti cheri kote'w ye la?
Aswè a manvi'w fè'm fou
Mwen la m'ap tann ou
Pa ka tann pou vini
Pòt jaden'm gentan pare
Vye zèb gentan rache
pou vinn kouche sou li

Pou sa'm pare pou ou,
Pou raj mwen gen nan kò'm,
Aswè a cheri se gwo koze...
Fèmen je'w fanm dous mwen,
Fèmen je'w bèl deyès
Di'm sa'w wè,s'w santi

Ti doudou, ou konnen janm paka ret tann
Li leu pou vini
Zandolit komanse chante
Solèy pwal domi
Vin goute ti nannan mwen an
Mwen vle wè lalin
Mwen vle manyen zetwal yo
Mwen vle karese kò ou
Mwen vle grife ou
Sakaje anndan mwen 
mistifye nanm mwen

Ala sa bèl, ala sa bon
Oh cheri ou dous.
M'vle lalin ou,
M'vle zetwal ou
M'vle tout ou.
Cheri m'kole, mpa mande detache...
Ou fè'm fou tankou yon wanga,
Pou jan'w dous la li pa senp

Ti papi, wap fè'm depale
Bouch mwen tounen chodye
Kò'm ap fe dife, banm sekrè a
Pa bay lòt moun li
Ou se pam pou letenite
Voyaje nan zantray mwen
Wap fè'm frisonen pa kanpe
Rete la, men m'ap trenble
Gad kisa'w fèm
Ou mechan

Solèy la ap leve sou nou,
Nou pa janm dekole.
Nan ou mwen vle rete,
Vide'm cheri,
Pran nan'm mwen,
Vire'm jan'w vle,
Pap janm gen pi bon pase moman sa...
Mwen renmen'w

Nou marye pou tout tan
Lavi'm san ou pat ap gen sans
Ou se tout sam te swete
Mwen avèw makonnen jouk nou mouri
Mwen damou'w ti doudou
                                         Ladymyou & Digio